Èd pou Pwoblèm ak Òdinatè

Retounen

Mwen pa ka jwenn aksè nan sondaj sou entènèt la:
Kapab gen plizyè milye moun menm jan ak ou k ap eseye jwenn aksè sou sitwèb la an menm tan. Tanpri, tann detwa segonn epi mete repons ou ankò.

Mwen te jwenn yon mesaj erè:
Menm si sa pa rive souvan, si ou ta resevwa yon mesaj erè, sève a kapab okipe. Tann 60 segonn epi klike sou bouton aktyalize (refresh) sou navigatè ou a pou kontinye.

Mwen pa ka wè tout kesyon yo. / Mwen pa ka wè ki kote pou m antre repons yo. / Gen kèk kòmand tankou "retounen" oswa "swivan" ki sanble yo pa mache:

  • Si paj la pa te chaje nèt, klike sou bouton "aktyalize" sou navigatè ou a.
  • Fèmen lòt aplikasyon ki kapab ap mache sou òdinatè ou a.
  • Ou ka gen yon ansyen vèsyon navigatè ou a ki pa fonksyone kòrèkteman ak kòmand modèn yo. Eseye mete navigatè ou a ajou ak vèsyon ki pi resan an.
  • Si ekran navigatè ou a pa ase gran, sètadi, bò dwat/goch kesyon yo sanble yo koupe, agrandi fenèt navigatè ou a. Epitou ou ka itilize souri ou a pou deplase ba defilman ki anba fenèt navigatè ou a pou ale adwat ak agoch.

Mwen gen dènye vèsyon navigatè mwen an, epi mwen toujou jwenn erè epi ekran an pa afiche kòrèkteman:
Ou ka voye yon imèl bay manm pèsonèl teknik nou an pou eksplike pwoblèm ou an – caresurvey@cssresearch.org

©2024 Massachusetts Health Quality Partners (MHQP)