Kesyon Moun Poze Souvan

CLOSE

Sou kisa sondaj la ye?
Sondaj sa a se sou eksperyans ou ak pwofesyonèl swen sante ou a. Kesyon yo gen pou wè ak kalite swen pwofesyonèl swen sante ou a sèlman pasyan tankou w ka evalye - tankou kijan pwofesyonèl swen sante a koute pasyan li yo byen.

Kijan yo pral itilize repons mwen yo?
Nou pral mete repons ou yo ansanm ak repons lòt pasyan. Apresa, nou pral pataje rezilta tout repons yo ansanm ak pwofesyonèl swen sante a ak gwoup medikal la pou ede yo konprann kijan yo satisfè bezwen pasyan yo ak pou yo amelyore nenpòt domèn kote pasyan yo pa satisfè.

Poukisa mwen ta dwe reponn sondaj la?
Opinyon ou yo enpòtan nan ede pwofesyonèl swen sante ou ak konprann si li satisfè bezwen pasyan li yo. Rapò sou eksperyans ou menm ak lòt pasyan yo ka ede pwofesyonèl swen sante ou a kominike pi byen ak pasyan yo, fè yon jan pou pasyan yo jwenn swen yo bezwen an epi asire li yo kowòdone swen pasyan an byen.

Kijan yo te chwazi mwen?
Yo te chwazi ou pami moun ki te ale kay pwofesyonèl swen.

Èske repons mwen yo konfidansyèl?
Repons ou yo konfidansyèl. Sant pou Evalyasyon Sèvis la (Center for the Study of Services, CSS) se yon kabinè rechèch endepandan ki pral sanble done sondaj la epi prepare rapò ki bay yon rezime repons pou tout pasyan yo. Yo pa pral pataje non ou ak pwofesyonèl swen sante a oswa okenn lòt moun. Yo pa pral anrejistre imèl ou; yo pa pral pataje li ak okenn moun. Se sèlman si ou vle ou bezwen patisipe nan sondaj la. Sondaj sou entènèt sa a sou yon sitwèb sekirize CSS ap jere.

Poukisa ou poze kesyon demografik (laj, edikasyon, elatriye)?
Nou itilize kalite kesyon sa yo pou konprann kijan yo satisfè bezwen diferan kalite moun. Tanpri sonje repons ou yo ap toujou rete konfidansyèl epi nou p ap janm idantifye ou menm bay okenn moun.

E si mwen gen pwoblèm teknik?
Tanpri fè jan ou t ap fè nòmalman pou jwenn sipò teknik, oswa gade nan sijesyon yo ki sou bouton ÈD nou an.

Si ou gen lòt kesyon/kòmantè: Tanpri voye yon imèl ba nou nan caresurvey@cssresearch.org.

©2024 Massachusetts Health Quality Partners (MHQP)